Syel la se... yon plas pou ou!

Men sa Bib la di sou syel la:

"Koulye-a, kay Bondye-a se nan mitan moun 1-ap ye. L-ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yòn pep pou li. Se Bondye menm k-ap viv avek yo. Li va Bondye pou yo. Li gen pou-l seche tout dlo nan je yo. Pa gen lanmo ankò, yo pap nan lapenn ankò, yo pap janm plinyen ankò, yo pap janm soufwi ankò. Tout vye bagay sa yo pwal disparet." Revelasyon 21, 3-4


Kouman ou ka jwenn syel la?

Gen kat verite senp ki montre nou chemen syel la :

Bondye renmen nou!

Bondye renmen nou e Li gen yòn bel plan pou lavi nou. Plan Bondye-a pou lavi-n pi bon pase tout lòt plan nou menm te ka genyen. Jezi te di li vini pou-l ka ban nou yòn lavi ki pi bon.

"Mwen menm mwen vini pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen-l an kantite" Jan 10, 10

Bon jan plan Bondye genyen pou lavi-w la, se pou vin pataje renmen ak kè kontan li-a nan lavi sa-a. Li vle tou pou viv ave-l pou tout tan nan syèl la. Nan syel la, Bondye prepare yòn bel lavi pou ou.:

"Bagay pèson pat janm wè ni pat janm tande, bagay ankenn moun pat janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen Li." 1 Korent 2,9


Pwoblem moun: sperarasyon.

Nou tout, a yòn moman nan lavi nou, te fè yòn bagay ki pa sa. Akòz eta peche nou, nou separe ak Bondye.

"Tout moun fè peche, yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa-a." Wòmen 3, 23

Kòm nou wè sa nan desen-an, moun ap eseye plizyè fason pou yo rive jwenn Bondyè. Men pa gen anyen moun ka fè pou-l konble gwo twou sa-a peche-l yo kreye ant li menm ak Bondye:

"Pa gen yòn ladan yo ki ka bay sink kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou-l delivre yo." Som 49,8


 

Jezi se lolisyon Bondye.

 

Peche peye nou kach: li ba nou lanmò; men kado Bondye ba nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezi Kri, Seyè nou-an yon lavi ki pap janm fini. Women 6, 23

Peche separe-n ak Bondye. Lanfè te separe ak Bondye pou tout tan. Nan renmen Bondye-a, li voye Jezi pou-l mouri pou peche nou yo:

"Paske Bondye sitèlman renmen lèz- om li bay sel Pitit li-a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè, ya gen lavi ki pap janm fini-an. Jan 3, 16.

Mouri li mouri sou kwa-a, e peye li te peye pou peche nou yo, Jezi te fè-l posib pou-n te jwenn padon pou peche nou yo epi viv pou tout tan nan prezans Bondye. Avèk Jezi, moun ka konble twou sa-a peche-a te kreye-a epi rekonsilye-n ak Bondye:

 


Ou dwe aksepte Jezi.

Denye pawòl Jezi sou kwa-a: "Tout bagay fini." Jan. 19,30

Jezi te mouri pou nou ka jwenn padon pou peche-n yo. Sa ou gen pou fè, se kwè nan sa-l te fe pou ou-a.

"Tout moun ki kwè nan Pitit la ap jwenn lavi ki pap jamm fini-an." Jan 3, 36

"Men sa ki te resevwa-l yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye." Jan 1, 12

Pou-n jwenn padon pou peche-n yo, epi komanse yòn nouvo lavi ak Bondye, fè ti lapriyè sa-a:

Gran Met Jezi mwen pa pafè. Mwen fè ampil bagay ki pa sa. Ede-m change lavi-m e viv pou ou. Fe sa-w vle de mwen. Montre-m bel plan ou genyen pou lavi-m nam. Ranpli-m ak pouvwa Lespwi Sen-an. Ranpli-m ak renmen ou lan, kè poze, ke kontan ou lan. Amen.


Grandi kom kretyin.

Priyè sa-a, se premye pa w-ap fè nan nouvèl relasyon w-ap genyen ak Bondye-a. Relasyon ou ak Bondye, se bagay ki pi enpòtan nan lavi ou kòm Kretyin. Ou ka nouri relasyon sa-a nan bagay sa yo:

  1. Ou batize.
  2. Lapriyè chak jou.
  3. Li Bib la chak jou.
  4. Ale Legliz regilyèman.
  5. Resevwa sakreman yo.
  6. Mande Bondye pou-l ba ou zanmi ki kretyin ki ka ede ou nan nouvo lavi w-ap mennen kòm Kretyin-an.

 


   Holy Spirit Missionary Assoc.; mail@hsma.net